KLÈB DEBA JEREMI AN SELEBRE LANG KREYÒL LA

Pandan Metewològ yo ak Otorite yo anonse move tan Melissa gen poul pase sou depatman Grandans lan, nou 24 nan manb nan klèb deba Jeremi an te reyini pou selebre lang kreyòl la jou ki te samdi 25 oktòb 2025 lan, twa ( 3 ) jou avan jounen kreyòl la. Nou te reyini a 11zè nan maten nan lokal abityèl nou nan AGAPE. Lè nou te rive, animatè Waldinde Germain te divize nou an 2 gwoup pou nou te kapab rive prepare yon match deba sou sijè sa a : «Ansèyman ta dwe fèt an kreyòl an Ayiti».

Aprè preparasyon, twa ( 3 ) jwè te chwazi nan chak gwoup pou te fòme 2 ekip yo. Ekip afimativ la te gen ladanl : Exavier Mitsoukou, Charles Guersline avèk Jean-Pierre Woodzaica. Ekip negativ lan te gen: Nyrlande Jacquet, Chevalier Marc-Edouard avèk Guilloux Reyka. Kidonk yo te reyini ansanm pou afwonte lide yo avek agiman yo, esplikasyon yo ak sous pou kore pozisyon yo. Deba sa te dewoule sou fòma DKP a.

Rezime match la :

Ekip afimativ la te avanse 2 agiman : 1) Ansèyman an kreyòl la ap diminye inegalite sosyal. 2) ansèyman an kreyòl la ap fasilite konpreyansyon elèv yo.

Epi ekip negativ la te avanse 2 agiman tou: 1) Ansèyman nan lòt lang ap pèmèt nou aprann lòt lang. 2) Ansèyman nan lòt lang ap pèmèt elèv yo jwenn plis opòtinite.

Apre sa yo te vini avek ekspliksyon e sous pou yo apiye agiman sa yo. Diran tout match ekip yo pat rive dakò avèk lide pou ansèyman an fet an kreyòl Ayiti.

Nan fen match la, manm jiri yo te pwononse vèdik yo epi yo tout te vote pou ekip afimativ la ki te fè yon bèl travay epi ki te respekte estrikti fòma a. Malgre kèk fay yo te genyen nan agimantasyon yo, yo te kanmèm rive genyen match sila a.

Touswit apre match deba a, nou te met an plas yon pati kiltirèl kote kèk nan debatè ak debatèz te chante ak resite kèk pwezi kreyòl.

LEO Nashka ak DORSAINT Sarah,

2 manb klèb Deba Jeremi an.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *